Lekol Kominote Matènwa pou Devlopman
 

Home
Estaf
Korikulum
Kominote
Agrikiti
Paran yo
Vizitè yo

 

 
 
 

Elèv 8 tyèm ane

Lèkòl Segondè

Enel Angervil, Direktè/pwofesè

   
         
  Nou vle lekòl segondè a tounen yon egzanp pou lòt lekòl nan Lagonav;nan jan yo gen respè pou lanati, paran yo,peyi yo ,travay ansanm avèk moun ,bay agrilti tout valè li genyen ,ede paran yo nan tout travay y ap fè.Nou vle aprann yo reflechi sou sa y ap aprann pou pran sa k ap ede yo nan lavi yo.  
         
    Se yon bann elèv ki renmen travay ansanm sitou lè yo pa gen pwofesè
yo fòme atelye .
 
     
 


Misyon nou nan lekòl segondè a se fè tout elèv konnen kòman pou yo devlope kapasite yo pou yo vin bon sitwayen nan lavi yo. Nou travay nan wonn avèk yo. Chak klas nou mete selman 22 elèv pou tout elèv ka travay byen. .Nou aprann yo fè jaden tou, jwe tout kalite jwèt ansanm. Nou fè espo avèk yo. Chak mwa nou al aprann yo naje nan lanmè .

 
         
       
                     
 
Objektif; nou se bay elèv yo yon bon edikasyon pou devlope peyi yo .
Elimine vyolans nan lavi yo
Konbat mst nan lavi
Nou gen 3 ane depi nou mete segondè a se paske nou te wè jan yo pa t bay elèv yo bon trètman, yo te toujou ap kale yo ,mete ajenou nan pousyè. yo pa jwenn pwofesè souvan . Kote depi elèv nan segondè yo pa zanmi ak latè, yo pa vle ede paran yo ankò. Nou te vle mete lekòl la pou konbat sistèm sa k ap rann peyi a pi mal toujou.
Ane sa nou deside ba yo yon edikasyon ki pi mare ak lavi yo tankou
1-aprnn yo enfòmatik
2-aprann plis sou jaden;[legim, pepinyè.]
3-espò pi fomèl
4-devlope kapasite yo plis
5-aprann yo tout sa ki gen nan pwogram leta.
6-devlope relasyon moun ak moun
7-renmen ak pwoteje lanati
8-devlope yon sistèm pwofesyonèl.