Lekol Kominote Matènwa pou Devlopman
 




Matenwa Home



 

 
 
 
Robert Cajuste
 
                     
               
 

Pwofesè - Teacher

Animatè - Activist

 

 

 

 

 

   
             
 

Fanmi Robert

Robert's family

       
       
     
                     
                     
  Tande Robert Pale:   Recordings:  
  Kreyol   Kreyòl ak angle.   Angle   Kreyòl - English - both  
                     
         
         
         
         
 

Mesye dam lasosyete, yon gwo bonjou pou nou tout!

(In English)

Mwen kontan pou m envite tout moun ki vle gen enfòmasyon sou travay mwen kòm pwofesè nan Lekòl Kominote Matènwa Pou Devlòpman.

Mwen rele Robert Cajuste.


 

   
 

Mwen fèt nan 8è seksyon Twoulwi nan komin Pwentarakèt ki sitiye nan Awondisman Lagonav.

Mwen fèt 10 Me 1977 .
Manman m te rele :Sentelya Ariyis .
Li te yon komèsan .
Papa m te rele :Senlwidye Kajis .
li te yon kiltivatè.

Manman m pa t fè yon klas siperyè men li te ka li ekri nan lang Kreyòl.
Papa m ,te fè klas 6e Ane Fondamantal men, li te gen anpil kapasite pou klas li te fè a ,li te trè entèlijan, li pa t rete sèlman sou klas li te fè men li te toujou fè rechèch pou apwofondi konesans li.

Nan lane 1994 Mwen te tante chans pou ale Ozetazini nan kanntè akoz jan sitiyasyon peyi D Ayiti te ye.
Non sèlman sa, mwen te gen gwo difikilte ekonomik paske manman m te malad depi plizyè lane. Li te paralize nan mezi pati senti l pou rive jouk nan pye l yo.

Papa m te gen tan separe ak manman m depi avan sa .Konsa li te deja gen yon lòt fi sou responsablite l, sa te pèmèt li pa t pran swen nou ankò.

Depi nan klas 5è A.F .mwen pa t gen moun pou te ede m nan koze lekòl mwen. Sèl chans mwen te genyen, mwen te entèlijan lè m te lekòl nan lòt klas yo konsa pwofesè a te vle toujou ede m nan konsèy nan lòt bagay ki te ka pèmèt mwen al lekòl toujou.
Pwofesè sa a te rele:JEAN-MARY DORVILIEN .

Mwen te gen yon lòt kouzen manman m ki te direktè Lekòl Metodis Pòdebonè non l se te FRIZTNEL IRIS .Li te pèmet mwen fè klas 5è ,6è A.F.san m pa t peye. Men pwoblèm grangou ak lòt toujou te toujou egziste pou mwen.
Mwen te bezwen mache 6 zèd tan chak jou pandan 2 lane sa yo pou ale e retounen nan lekòl sa a.
Malgre tout difikte ekonomik ke m te genyen men,mwen te toujou kenbe diyite m ak prestij mwen devan sosyete a.
Mwen pa t janmen mande fanmi manmanm osinon fanmi papa m èd malgre yo te gen mwayen ak volonte pou ede m paske manman m ak papa m te leve nou ak kèk bon prensip ki te ka fè nou respekte tèt nou.

Mwen te konn peche nan lanmè pou m te ka ede tèt mwen.
Men m te toujou panse kalite aktivite sa a pa ka ede m reyalize rèv mwen.
Sa rezon m te toujou kontinye al lekòl malgre m te gen divès kalite pwoblèm. Men sa te vin twò di pou mwen .
Mwen te oblije kite lekòl nan klas 6èm segondè pou ale nan KANNTÈ. Mwen te pase 3 mwa nan Baz Gwanntamo. Lè m te wè pa gen anyen k ap mache pou kesyon antre Ozetazini, mwen te enskri pou antre nan POLIS pou tounen an Ayiti pou vin sèvi peyi m. Men m te vin imajine sa pa enteresan pou mwen pa rapò ak eksperyans mwen te genyen sou dechoukaj Makout ak Polisriral.
Mwen te prefere tounen an Ayiti .Mwen te ale nan Imigrasyon epi m te siyen pou tounen nan peyi m.
Mwen te antre Ayiti 13 Oktòb epi 15 Oktòb Prezidan Aristid te tounen sot an ekzil. Sa k te pi dwòl pou mwen, lè m te rive Ayiti, mwen te jwenn patizan gouvènman defakto yo te fè konplo yo te pran papa m ak yon kouzen manman m ki te sansè lise Pwentakèt kote m te lekòl avan m te menm ale nan Kanntè.
Li te rele :SYLPHA JULES.
Konsa nou pa t janm konnen ki wout yo te fè ak yo depi lè jiskaprezan.

Manman m te toujou malad .
Konsa mwen te retounen lekòl nan yon kolèj ki te rele IPEM nan zon Tipalmis.
Mwen te toujou renmen ede moun menm lè m pa t ko konnen ki avantaj sa gen ladan li paske manman m te yon moun ki te toujou renmen ede moun nan nenpòt sitiyasyon l kapab.
Konsa li te yon bon moun nan sans sa a.
Mwen te pase 6 mwa ap ede yon pastè ki rele Abner nan yon ti lekòl li te fè gratis pou kèk timoun ki pa t ka al lekòl.
Mwen te travay kòm volontè, men sa pa t bon pou mwen paske m te bezwen peye lekòl mwen tou.
Mwen te vin jwenn ak yon fanmi manman m ki te Direktè yon lekòl Wesleyèn Tipalmis konsa mwen te konn taye cheve l pou li men l te konn vle peye m, men mwen pa t vle touche nan men l, sa te fè nou vin bon zanmi.
Li te envite m pou dòmi lakay li, manje ansanm avè l, ede l korije devwa elèv li.

Se konsa li te vin wè kapasite m genyen te enteresan, li te deside ban m kenbe klas 3è ane ak 4è ane pou li paske l te gen klas 5è ane ak 6è ane ki te nan men l tou.
Men klas li te ban m kenbe yo se te pou yon pwofesè ki te rele :
Rubens ki te kite yo nan men l pou l t al chache lavi miyò nan peyi Sendomeng. Men sa te fèt an sekrè pou Direktè a pa t konnen.
Direktè sa a te rele:
Evny Ducamel.
Apre yon mwa konsa, pwofesè klas sa yo pa t janm tounen, mwen te tou vin pwofesè definif yo.
Mwen te pase 2 lane ap travay nan lekol sa a. Konsa m te vin deside kite l akoz mwen pa t konn touche byen epi yo te konn dwe m kèk mwa m pa t janm ka touche yo.

Mwen te vin ekri yon lèt nan yon lekòl Nazareyen ki te gen yon direktè ki te rele :Edlant Geoges.
Konsa pami tout lèt ki te ekri yo, se te lèt mwen ak yon zanmi m ki t ap travay nan menm lekòl avan an ki te kalifye.
Konsa nou te al travay nan lekòl sa a ansanm .
Mwen te pase 4 lane ap travay nan lekòl sa a.
Bagay yo te yon tikras amelyore .
Men pa t gran choz.
Men pou volonte m ak fason m te toujou respekte angajman m, direktè lekòl sa a te moun AAPLAG yon asosyasyon te chwazi pou fè l jwenn yon moun pou vin monitè Alfa nan zòn Lapalmis kote m te rete.
Men rechèch sa a te trè fleksib paske yo te pase plizyè monitè kote yo te pran echèk ak yo .
Konsa aprè tout brase lide ki te fèt direktè a te wè m ka okipe yon plas konsa.
Li te chwazi m epi m te al nan fòmasyon pou m ka vin monitè. Okontrè se pandan m te nan fòmasyon sa a, manman m te mouri epi yo te ekri m yon lèt pou m te ka konnen sa.
Nan fòmasyon sa a, mwen menm ak kèk kòlèg mwen k ap travay ansanm kounye a nan LKMPD te rankontre.
M ka site Vana, Abner ak Benaja .
Mwen te rive jwenn sant alfa. Mwen te pase 3 lane ap travay kòm monitè nan pwogram sa a.
Pandan m t ap travay, mwen te resevwa vizit anpil gwoup moun tankou:
Limyè lavi, Wot Alfa ,Vwayaj konsyantizasyon, ak lòt toujou.
Se konsa m te resevwa vizit Chris Low ak Vana ki te fè yon videyo nan sant mwen kòm yon monitè eksepsyonèl nan pwogram sa a.
Jis ka prezan videyo sa a toujou la nan Lekòl Kominote Matènwa pou nenpòt moun ki ta enterese gade l.
Sa rezon Chris low te enterese pou m travay nan LKMPD pou ede timoun 1è ane ak 2è ane li ak liv NAN JADEN LÈT AK MO.
Konsa mwen gen 3 lane depi m ap travay kòm pwofesè nan LKMPD .

Objektif mwen.
Se toujou ap chache metòd ak teknik ki kapab ede m nan travay mwen kòm pwofesè.

Mwen vle kolabore ak nenpòt moun, asosyasyon, Òganizasyon ki vle ede Granmoun li ak ekri.
Sa rezon m te konpoze yon chan ki di:
"Mesyedam an nou mete men nan Alfabetizasyon an."

Tande chan sa.


Moun ki enterese pou tande chan sa a ,ou ka jwenn li nan
Wot Alfa.
Osinon nan bouch mwen dirèkteman.

Mwen vle patisipe nan tout bagay ki ka pèmèt moun devlope .

 

 
 

Fanmi Robert

Robert's family

   

Vizite klas Robert

Tande Robert pale

Sa Robert di, kreyòl ak angle.

Sa Robert di, angle sèlman.