Lekol Kominote Matènwa pou Devlopman
 

Home
Estaf
Korikulum
Kominote
Agrikiti
Paran yo
Vizitè yo

 

 
 
 

Roseline Obel

Pwofesè

     
         
   

Mwen rele Roseline Obel. Mwen gen 27 an. Mwen rete Bwa Nwa. Mwen marye. M gen yon piti fi ki rele Chahika Borgella. Li gen 6 mwa.

Mwen fè tout etid klasik mwen nan Lagonav. Kounye a mwen se yon anseyan m ap travay nan Lekòl Kominote Matènwa Pou Devlòpman depi 2 ane. Premye ane m nan lekòl la m te travay nan klas preskolè 1.

 
 

Dezyèm ane nan lekòl la m te travay nan klas 5è ane. Klas la te gen 18 elèv, 10 gason ak 8 fi. Mwen fè pati yon gwoup fanm ki rele "Fanm Kouraj" k ap travay pou konbat vyolans fanm ak timoun ap sipòte an Ayiti. Mwen fè pati yon asanble kretyèn ki se legliz "Sur le Roche" Bwa Nwa.

Vizite klas Roseline

Roseline prezante tet li