Lekol Kominote Matènwa pou Devlopman
 

Home
Estaf
Korikulum
Kominote
Agrikiti
Paran yo
Vizitè yo

 

 
 
 

Enel Angervil

Pwofesè, Direktè Lekòl Segondè

   
         
   

Mwen se Enel Angervil. Mwen rete Matènwa. Se la m fèt depi 22 out 1976.

Mwen gen yon pitit fi ki gen 2 zan edmi. Li rele Perpethie.

Mwen se yon pwofesè nan lekòl kominote Matènwa depi jou lekòl la te pran nesans. M se direktè nan seksyon segondè depi 3 zan.

Mwen se 2è pastè nan legliz Batis Dikalvè Matènwa.

 
 

Sa ki pi enpresyone m nan lavi m se:

  • fe edikasyon: Timoun, jèn, ak adilt, sitou a nivo sante, entèlektyèl, sivik ak anviwònmantall.
  • fè evanjelizasyon avek metod refleksyon Bib la.
  • fè eksperyans nan jaden: legim, pwa, manyòk, bannann.

Filozofi m se chanje system edikasyon tradisyonèl la nan yon edikasyon pratik ki mare avèk lavi moun, konbat kont vyolans nan lavi tout moun. Rèv mwen se bay patisipasyon m nan tout sans pou chanje peyi d'Ayiti nan nivo edikasyon entelektyèl ak espirityèl.

Vizite Lekòl Segondè

Tande Enel pale