Lekol Kominote Matènwa pou Devlopman
 

Home
Estaf
Korikulum
Kominote
Agrikiti
Paran yo
Vizitè yo

 

 
 
 

Benaja Antoine

Pwofesè

     
         
 

Mwen se Benaja ANTOINE. Mwen fèt 13 Mas 1979 nan Lwès Lagonav.

Kounye a m ap viv Matènwa, m toujou ap viv pou kont mwen, sa vle di m poko marye. Mwen fèt nan yon fanmi kretyèn. Mwen gen 4 gran sè ak yon ti frè.

Dènye klas mwen fè se Rheto.

   
 

Mwen se yon pwofesè nan lekòl primè depi nan lane 1995.

Mwen se sekretè jeneral yon òganizasyon peyizàn ki rele AAPLAG depi Jen 2004. ( Asosyasyon Animatè ak Peyizan Lagonav) Mwen te vin manm òganizasyon sa a depi nan lane 1998. Oganizasyon sa a travay nan plizyè domèn, tankou: ledikasyon granmoun, anviwònman ak agrikilti, mikwo finans, pledwaye sosyal ak sanitasyon.

Mwen kòmase travay ak LKM nan 2002 nan klas 4è ane. Mwen te konnen tou 2 direktè yo ki se Chris Low ak Abner Sauveur depi nan 1995 lè m te kòmanse travay nan pwogram alfa AAPLAG te genyen, se te Abner Sauveur kit e kòdonatè pwogram sa a epi Chris tea pi teknik pou yo. Tou de (2) te abitye sipèvize travay mwen kòm yon pwofesè ni pou granmoun ni pou timoun.

Nan lane 2003, mwen vin office manager LKM. Mwen te kòmanse aprann teknik administrasyon, men m te sèlman fè sa pou yon ane, se te 2001 - 2002. Mwen pa t fini l.

Mwen se yon monitè lekòl Dimanch nan legliz Batis Grannsous. Avan mwen te vini Matènwa, mwen te deja yon monitè lekòl Dimanch depi nan ane 1997 Pwent Latanye kote m te grandi a.

Bi mwen kòm yon pwofesè se rive ede elèv mwen yo jwennn yon pi bon ledikasyon ki pratik sa vle di ki marye ak reyalite lavi timoun yo e ki kapab fè yon vin yon vrè lidè nan kominote kote y ap viv la. Se poutèt sa a m ap travay nan yon lekòl k ap chèche devlope metòd lidèchip kay timoun yo ak pwofesè yo.

M ap chèche kolaborasyon nan men tout moun ki gen konesans nan ledikasyon altènativ pou ede m devlope plis kapasite lakay elèv mwen yo epi devlope tout bon metòd lakay ansanm ak pwofesè kòlèg mwen yo pou remèt yon pi bon travay chak jou pi plis.

LKM gen kèk metòd li iilize k ap ankouraje dyalòg epi ankouraje moun pran responsablite yo, mwen ta kapab site Wonn Refleksyon ak Espas Ouvè.

Tande Benaja pale