Lekol Kominote Matènwa pou Devlopman
 

Home
Estaf
Korikulum
Kominote
Agrikiti
Paran yo
Vizitè yo

 

 
 
 

Afalene Rosemond

Pwofesè

     
   

Mwen rele Afelène Rosemond. Mwen soti Bwa Nwa. Mwen fèt 22 Desanm 1978. Manman m rele Afelie Joseph, papa m rele Cenou Rosemond. Mwen fè de (2) pitit. Premye a rele Robensky Jean Louis, dezyèm nan rele Loubens Jean Louis.

Mwen gen 6 ane epi m ap travay nan LKMPD ak timoun, 2 zan nan premye ane, yon ane nan kindè, 3 zan nan preskolè.

 
 

Mwen pase yon ane app ran fòmasyon nan yon metòd ki rele "Montessori." Fòmasyon sa a te baze sou laj say o: 2 a 3 zan. 3 a 4 tran. 3 a 6 zan. Mwen kòmanse itilize metòd sa a nan klas mwen soti nan 3 a 4 tran. Se vrèman yon bon metòd k ap ede timoun yo devlope lespri yo pi byen, atravè materyèl ak lòt toujou epi mwen ankadre timoun nan yon lòt metòd yo rele "Eksperyans Bib la." Mwen gen plizyè gwoup.

Mwen nan yon gwoup ki rele "Fanm Kouraj" k ap travay sou dwa fanm, sitou nan domen restavèk, nou trè sansib sou sa. Epi LKM ap fè yon gwo travay sou tèren an. L ap fè fòmasyon atravè Lagonav pou tout moun kin an domèn edikasyon sitou li fòme yon rezo lekòl pou sa ka mache pi byen toujou. LKM pou Lagonav reprezante yon bon modèl.

Vizite klas Afelene

Tande Afelene pale