| |
Mwen se Abner Sauveur. Mwen fèt nan dat 12 Me
1957, nan lokalite Matènwa nan 3è Seksyon Grannsous,
komin Ansagalè, Lagonav, Ayiti.
Mwen se pitit yon fanm yo te rele Melia Rivière ak yon mesye
yo te rele Nelchoix Sauveur. Tou 2 moun sa yo mouri.
Mwen dirije 2 lekòl deja. Kounye a m ap dirije yon lekòl
nan Matènwa ki rele " Lekòl Kominote Matènwa
Pou Devlòpman.
|
|
 |
|
| |
Mwen te leve ak yon bèlmè m plis papa m. Mwen te
gen yon bon bèlmè, li te apresye m anpil. Mwen rive
nan klas 3è segondè. Mwen se yon moun ki te leve nan
bon devlòpman. Mwen te toujou ede bèlmè m ak
papa m nan tout travay yo t ap fè, tankou: mare bèt,
fè manje kòdon, vann nan mache, achte ak al vann pit.
Mwen te travay nan yon gwoupman peyizan. Mwen aprann kouman pou
ede granmoun aprann li ak ekri. Mwen rantre nan edikasyon depi 20
ane. Mwen dirije 2 lekòl deja. Youn se nan legliz Batis Grannsous.
Mwen te fè 4 ane ladann. Kounye a m ap dirije yon lekòl
nan Matènwa ki se "Lekòl Kominote Matènwa
Pou Devlòpman". Lekòl sa a soti nan preskolè
1 pou rive nan 9è ane fondamantal. Li genyen 14 pwofesè
ak 2 direktè ki konpoze estaf la. Aprè sa nou gen
yon jadinye, yon jeran, 2 menajè. Plis nou gen 2 lòt
moun ki fè volontè nan prepare manje pou timoun yo
3 fwa pa semèn
Pou voye yon imel pou
Abner Sauveur: abnerjeansauveur@yahoo.fr
Tande Abner pale
Abner bay konsey pou
jaden.
|
|