|
Istwa
Fanm Kouraj se yon gwoup famn kap travay nan Lekòl Kominote
Matènwa pou Developman ki nan 3e seksyon Gransous Komin Ansagale.
Gwoup sa te fòme ak medanm say o: Milyèn Angervil,
Vana Edmond, Jelin
,Kalin
, Lewomèn
, Afelene
Rosemond ki tap reflechi sou fason y ap trete fanm ak timoun restavèk
nan sosyete a. Medanm yo t ap reflechi ansanm sou fason nou pral
atake pwoblèm sa yo. Nou te genyen kòm konseye direktè
Lekòl Kominote Matènwa, espesyalman Chris Low ki se
yon ameriken. Nan dat ki te 19 jen 2000, direksyon Lekòl
Kominote Matènwa te mete nou an kontak avek 2 fanm ameriken
k ap travay sou dwa fanm entènasyonal. Non medanm say o se
Schana Swiss ak Peggy
14 jiye 2000 gwoup la vin kanpe ajanm aprè 3 semen fomasyon
nou te pran nan men 2 etranje sa yo. Nou te rive monte yon pyes
teyat ki gen pou tit li: Tete Pa Janm Trò Lou Poutèt
Li. Pou fini se depi lè sa Fanm Kouraj ap konpoze pyès
teyat popilè, konpoze chan, fè fomasyon pou lòt
gwoup fanm sou vyolans sou fanm ak timoun restavèk an Ayiti.
Objektif
Travay pou elimine vyolans sou fanm ak timoun.
Lite kont restavèk.
Vizyon
Ede fanm ak timoun yo konnen dwa yo ak devwa yo nan sosyete a, pou
yo kapab pale revandike, diskite san yo pa santi menas soutèt
yo.
Misyon
Monte pyès teyat popilè.
Konpose chan angage.
Fè fomasyon pou lòt gwoup fanm.
Konsyantize majorite moun nan peyi a atravè pyès teyat
N ap jwe e chan n ap chante.
Anrejistre pyès teyat nou yo sou kasèt, pibliye yon
an estasyon radio nasyonal ou ak entenasyonal.
Lite pou fanm yo sispann sibi vyolans nan tout sans.
Ede yo jwenn solisyon nan pwoblèm y ap konfonte.
Ede yo jwenn jistis sou ka vyolans yo.
Prensip
1. Tout manm yo dwe la nan lè ki rekòmande
2. Tout moun motive absans li 3 jou avan jou rankont nou rive sof
ka enprivi ki akseptab.
3. Si yon moun pèdi 2 reyinyon swivi san motivasyon l ap
peye $20.
4. Tout manm Fanm Kouraj dwe gen libete kòm sa dwa.
5. Kou yon moun manm fòk li patisipe nan tout aktivite gwoup
la. Sof pou akouchman.
6. Diskisyon entèn gwoup la dwe rete sekrè.
7. Fanm Kouraj se yon gwoup ki pran inisyative li poul sòte
nan lè kalandriye l rekomande.
8. Youn dwe respekte lòt
9. Youn dwe respekte opinion lòt.
10. Yon moun ki kanpe nan gwoup la san motivasyon valab l ap tou
kanpe nèt.
11. Youn dwe sipòte lòt.
12. Tout fanm ki siyen anba prensip say o dakò pou yo respekte
l ala lèt.
13. Aprè kat lèt blam ou pa fè pati gwoup la.
Regleman
Pou yon moun vin Fanm Kouraj fòk li gen motivite pou l analize
Fòk lit e nan yon asosiyasyon deja.
Fòk li kapab de fanm. Tèt li fanm ak timoun restavèk
Chapant
Prezidan: Vana Edmond
Sekretè: Afelene Rosemond
Trezoryè: Roseline
Vistrezorye: Miliyen
Delege: Lewomèn
Konseye: Menilèn